Articles

Affichage des articles du février, 2020
Image
Lwa Azaka méde Sé you lwa ki fè pati 21nanchon Matinik djoumba  Li sé  lwa ki fè pati lanati ya é li jwé yon gran wol nan Vodou a San lwa sa lwa yo pap manjé sé gras ak lwa sa ki fè yo kapab bay tout lwa yo nèt manjé Sé sak ki fè yo rélé li minis Zaka ou Azaka Médé paské li jwé you gro ròl nan Vodou wa Lwa sa sé yon  lwa ki fè anpil bagay Li fè komès byen, li fè ou travay byen Nan vodou wa li maché ak anpil lòt lwa ki sé: Ayizan Danthor Agaou Gédé... Chak lakou sèvi lwa sa diféran é yo monté djakout li diféran sélon règléman lakou wa Lwa Azaka manjé tout sa ki soti nan latè Li renmin manjé Tchaka anpil sitou ak afriba(viann salé ak pié ak andan bèt salé) Lwa sa renmin bwè bwason ki tranpé ki fè ak tafia fòk li gen ou botèy ki fèt: Youn ak lanni Youn ak kòs Youn ak asosi Li remin bwè ni kafé dous ou anmè Chokola ak lèt ki bouyi ak kanèl ak anétwalé Sé pou tab li ranjé ak tout manjé ki soti nan latè ni fri osi Li renmin manjé nan kwi ou byen sou fèy banna

MEDITASYON

Image
MEDITASYON "Frape,  y ap ouvri pou ou"- Levanjil Matye 7 vèsè 7 Genyen twa metòd yon Maj ou yon spirityalis ou yon pratikan lan domenn ezoterik ou mistik ka itilize pou'l antre an kontak ak tout antite ki egziste nan lòt plan yo ak plan tèrès la. Nou ka itilize metòd sa yo pou'n ekilibre tèt nou tou . Twa metòd sa yo se: Priyè Meditasyon Rityèl Jodi a n ap fè yon ti pale sou Meditasyon. Kisa ki Meditasyon? Telman gen definisyon pou Meditasyon , li difisil pou'n ta chwazi youn epi di se li k pi bon an. Paske chak definisyon depann de nan ki lekòl ou ye ak nan ki sans ou pran'l. Men ak tout senplisite epi swivan eksperyans  nou, nou ka di Meditasyon an se senpleman chita epi respire. Lè yon moun ap fè Meditasyon, yo di li ap medite. Kòman? Senp konsa ?  Ebyen tout moun ka fè l? M fè l chak jou? Se pa yon bagay difisil ebyen? Stop!!!!!!! Se sa tout moun ki poko janm eksperimante metòd sa ka panse, men, reyalite a pa fin sa. APRANN ME

Jou vandredi

Image
Jou vandredi ----------------------- *Bon leve solèy * tout mounn ** ke bon * Dye la vi ya *, li menm ki kreye * Syèl la, tè ya, di fe, dlo, lè, tout sa ki lan la nati *, tout sa nou wè e tout sa nou paka wè, ke'l mete * lespri yo, lwa yo, zanj yo, akanj yo, akonpanye nou pandan tout jounen an *, pou nou ka tj sou * pwoteksyon'l ak anba gras li *. mwen swete nou tout pase yon bon jounnen.
Image
Pouvwa la panse Linivè an antye fèt ak enèji. Enèji se manifestasyon lavi, n'ap jwenn li pa egzanp nan solèy, lanmè, van, wòch, plant,  zanmino ak nan moun tou. An gwo nou kapab di ke aprann viv ak anviwonman w se aprann pataje enèji wap degaje a. Lakay lòm nou aprann eksprime enèji sa nan kosyans nou, se konsyans nou ki pemèt nou konekte e reaji a tout sa ki antoure nou. Rene Descarte yon filozòf te deklare COGITO ERGO SUM (mwen panse donk mwen egziste). Se menm konsyans sa ki pemèt nan aprann, imajine, kreye e aji. Nou rele konsyans sa La PANSE KREYATIF . Ki vrè kapasite La Panse? Sachan ke panse a pemèt nou imajine, Albert Einstein fè nou konnen ke konesans ak imajinasyon se 2 bagay diferan (konesans gen limit paske li selman baw yon enfomasyon, men imajinasyon an pa gen limit). Anpil dekouvèt ki fèt se rezilta anpil ak anpil jou konsantrasyon sou yon ide. Ki donk eske nou konnen nou gen kapasite atire sa nou panse? Eske sa rive nou deja pou nou renmen yon modèl
Image
Nan Lakou Pam Potay ezoterik pou ede tout mounn ka ta renmen experimante ou  vanse lan domenn mistik Se yon melanj de plizye kouran mistik Vodou Hoodoo Kaballe Wicca Ote ya dekline tout responsabilite sou yon lan kou, priye, devosyon, envokasyon, mazanza. Pa janm bliye, tout sa’w fe lan mistik ap pwodi yon rezilta. Kisa maji ye egzakteman? La maji se konesans ou genyen lan yon ansanm de pratik ki penet ou itilize tout sot denèji ki egziste toupatou Nan linivè a, nan lanati, ak nan nou menm ! Ou jis bezwen konn kijan pou’w itilize ak dirije eneji sa yo, An reyalite, maji pa gen koule, jan anpil mounn vle fe nou konprann lan, se sitou entansyon ak mwayen wap itilize yo ki pi enpotan. Tout moun lib pou yo itilize enèji sa yo, jan yo wè kap bon pou yo, swa pou fe byen ou pou fe mal. Sepandan, konnen enèji ou lage a dwe atenn objektif li. Si ou fe maji deye yon mounn o sinon pou yon bagay spesifik, epi li pa rive lan objektif ou te fel la, atann ou ke

Jou jedi

Image
Jou jedi Bon leve solèy * tout mounn * ke bon * Dye la vi ya *, li menm ki kreye * Syèl la, tè ya, di fe, dlo, lè, tout sa ki lan la nati *, tout sa nou wè e tout sa nou paka wè, ke'l mete * lespri yo, lwa yo, zanj yo, akanj yo, akonpanye nou pandan tout jounen an *, pou nou ka tj sou * pwoteksyon divinn li *. sa va lowe, sava lowe tout mounn. mwen swete nou tout pase yon bon jounnen. ----------------------- Jodya se * Jedi * alos Planèt kap domine pou jounen an se * Jipitè * ----------------------- Zanj ki komande jou wa a se * ZACHIEL * ----------------------- *Som pou jodya* som * 06 * ----------------------- *Mantra pou jodya* * HEM * ----------------------- *Koule pou'w ta mete si'w kapab* * Oranj / jonn / ble * ----------------------- Chak fwa ou swete yon mounn sa a, se tèt ou ou swete'l anko pa bliye pataje'l * Nan lakou pam * * FCJ *