MEDITASYON

MEDITASYON


"Frape,  y ap ouvri pou ou"- Levanjil Matye 7 vèsè 7

Genyen twa metòd yon Maj ou yon spirityalis ou yon pratikan lan domenn ezoterik ou mistik ka itilize pou'l antre an kontak ak tout antite ki egziste nan lòt plan yo ak plan tèrès la. Nou ka itilize metòd sa yo pou'n ekilibre tèt nou tou. Twa metòd sa yo se:

  1. Priyè
  2. Meditasyon
  3. Rityèl

Jodi a n ap fè yon ti pale sou Meditasyon.

Kisa ki Meditasyon?

Telman gen definisyon pou Meditasyon, li difisil pou'n ta chwazi youn epi di se li k pi bon an. Paske chak definisyon depann de nan ki lekòl ou ye ak nan ki sans ou pran'l. Men ak tout senplisite epi swivan eksperyans  nou, nou ka di Meditasyon an se senpleman chita epi respire. Lè yon moun ap fè Meditasyon, yo di li ap medite.

Kòman? Senp konsa?  Ebyen tout moun ka fè l? M fè l chak jou? Se pa yon bagay difisil ebyen?
Stop!!!!!!! Se sa tout moun ki poko janm eksperimante metòd sa ka panse, men, reyalite a pa fin sa. APRANN MEDITE FASIL MEN LI DIFISIL POU METRIZE.



Kijan yon moun ka medite?

A) Prensip 

  • Pou yon moun medite, premye bagay kle pou l genyen se sa yo rele Volonte a.
  • Li sipoze toujou medite nan yon andwa espesifik a yon lè fiks. Donk, li bezwen gen yon orè( Genyen 2 pi bon moman moun ka medite nan yon jounen. Se pandan solèy la ap leve pou pran enèji ak lè solèy la ap kouche)
  • Andwa a sipoze pwòp nan sans figire tankou nan sans pwòp
  • Andwa a sipoze gen mwens bri ke posib.
  • Moun lan sipoze pwòp
  • Moun lan sipoze gen yon kaye pou l note sa l te santi pandan'l t ap medite, sa k te pètibe epi ki chanjman li wè ki fèt nan tanp li an akoz meditasyon an, pou n site sa sèlman.
  • Lè moun lan fèk ak kòmanse, li toujou bon si l kwonometre meditasyon an.


B) Metòd bazik


  • Chita, sou yon chèz pay, byen dwat epi mete do men w sou jenou w si w ap pran enèji ou byen mete pla men w si se evakiyasyon w ap fè. Sa se pi bon pozisyon nou menm ki nan oksidan ka fè. NB: ou ka pran lòt pozisyon w ka pran ak kò w tankou: Pozisyon Lotis( meyè pozisyon oryantal yo ak meyè pozisyon pou moun medite), pozisyon demi Lotis, pozisyon kadav, pozisyon bimàn yo rele l tayè tou, pozisyon Seiza ak pozisyon kanpe.
  • Respire pwofondman ak nen w pandan 3 ou byen 7 fwa swivi swivi. Fòk lè a al nan vant ou.
  • Respire dousman nan fason sa: ou enspire lè a ak nen'w al nan vant ou ak pwatrin ou, ou manje'l (sa vle di ou kite'l anndan'w pandan yon ti moman) aprèsa ou ekspire'l ak bouch ou pandan 3 ou byen 7 fwa (swivan sa'w te fè anvan an)
  • Fèmen je'w epi konsantre lespri'w sou respirasyon w'ap fè a sèlman. Enspire(konte jiska 4), Manje(1-2-3-4), Ekspire(1-2-3-4), Bloke lè a pou l pa antre nan nen'w (1-2-3-4). Rekòmanse pwosesis la jiskaske'w santi'w paka jere "gêne" meditasyon an pwovoke nan ou yo oubyen lè w rive 7, 12 minit yo. NB: yo rele respirasyon sa...respirasyon kare.
  • Note sa'w resanti a nan kaye.
  • Rekòmanse nan demen.
NB: Lè w fèk kòmanse gen anpil panse k ap moute nan lespri w, kite yo pase, pa eseye reflechi sou youn, just gade yo k ap pase. Lè w pral kanpe nan Meditasyon an pa kouri ouvè je w, relaks, vas-y lentement.




Ki itilite Meditasyon pou yon Maj

Pou yon Moun k ap chache vin "Pafè tankou Papa l ki nan Syèl yo Pafè a"?
Meditasyon enpòtan anpil pou moun ki mistik ou byen k ap pratike maji paske l ap pèmèt li jere estrès li, redui depresyon l si l konn deprime souvan, kenbe sèvo l anbon eta,  bay enèji nan Kò Fizik li.


  • Li pèmèt nou domine emosyon n ak ego n, 
  • li pèmèt nou chache konnen n pi byen ( Connais-toi, toi-même). 
  • le fe'w ret jenn
  • Ogmante konsantrasyon gras a pi bon oksijenoterapi nan sèvo a
  • jere estrès
  • Rilaks epi detant
  • Diminye tansyon
  • Fè li pi fasil jou jere doulè
  • Ranfòse iminite pou pwoteje ou kont enfeksyon respiratwa egi
  • Ralanti koruptyon nan sèvo ki responsab pou maladi alzayme a
  • Soulaje sentòm menopoz
  • Amelyore kalite dòmi
  • Diminye maladi atitid ak depresyon
  • Ranfòse anvi seksyel ou

Li toujou bon pou anvan nou fè yon rityèl pou n medite paske sa vin rann rityèl la pi efikas.
Se yon metòd senp men ki fondamantal nan aprantisaj li. Paske fò l metrize l pou l ka fè vizyalizasyon(ki se yon pratik kle), pwojeksyon, amonize ak byen metrize 4 eleman yo nan ou, pou w ka fè vwayaj astral, vwayaj mantal, rèv lucide, pou n site sa yo sèlman.
Donk, se yon pasaj oblije pou moun ki sou travay tout bon.

M konnen m pa di ase( tankou koman pou n medite pou n fè koneksyon ak antite yo🤐, swivan moman nou yo, mantra yo)men, m esperem di nou ase pou m ensite nou pote enterè nou sou pratik sa epi sonje Moun ki antre ak pretansyon ke tout bagay fasil pou li sou Chemen an toujou fini kalsine

ote atik sa a       
Ouriel Aun Weor

Miza jou
Motivasyon Pam

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Jou jedi