Nan Lakou Pam

Potay ezoterik pou ede tout mounn ka ta renmen experimante ou vanse lan domenn mistikSe yon melanj de plizye kouran mistik

Vodou
Hoodoo
Kaballe
Wicca

Ote ya dekline tout responsabilite sou yon lan kou, priye, devosyon, envokasyon, mazanza.
Pa janm bliye, tout sa’w fe lan mistik ap pwodi yon rezilta.


Kisa maji ye egzakteman?

La maji se konesans ou genyen lan yon ansanm de pratik ki penet ou itilize tout sot denèji ki egziste toupatou Nan linivè a, nan lanati, ak nan nou menm ! Ou jis bezwen konn kijan pou’w itilize ak dirije eneji sa yo,

An reyalite, maji pa gen koule, jan anpil mounn vle fe nou konprann lan, se sitou entansyon ak mwayen wap itilize yo ki pi enpotan.
Tout moun lib pou yo itilize enèji sa yo, jan yo wè kap bon pou yo, swa pou fe byen ou pou fe mal. Sepandan, konnen enèji ou lage a dwe atenn objektif li. Si ou fe maji deye yon mounn o sinon pou yon bagay spesifik, epi li pa rive lan objektif ou te fel la, atann ou ke sa’w te fe ya ap retounen vinn jwenn ou 3 fwa pi fo. Gen kèk moun ki rele sa a, kama.

Pou maji ke wap fe ya kapab byen mache fok gen kek kondisyon ki dwe respekte:

- Premye a; fok gen swa yon mounn, ou yon bet ou yon obje ou yon antite ka voye eneji an ale.
- Dezyèm lan, fok gen swa yon mounn ou yon bet ou yon obje ou yon antite kap resevwa eneji sa a kite ale ya a


Men kek bagay ou ta dwe konnen avan ou deside al pratike la maji:


  1. Pou’w bon lan Maji, gen yon minimom efò pou’w fe. Tankou fe sak bon, aprann avan’w komanse, tank ou respekte prensip yo, se tank ou vinn pi fo.
  2. Pa fè mounn mal, pa anmede mounn non plis ni pa eseye fe tet ou mal.
  3. Plis sevi ak bagay ki natirel le’w ap fe Maji.
  4. gen kek kou Maji ke’w fe sa mande yon ti tan pou’w we rezilta.
  5. Maji pa yon jwet, pa eseye ni fe tenten, ni ba’y mounn move kou pou detwi ora yo ou lavi yo.
  6. Avan ou fe yon kou, reflechi pou’w we si se yon byen wap fe ou si se yon mal ou si se defann wap defann tet ou, men li tap pi bon si’w pa janm eseye atake avan.
  7. Maji se yon bagay sakre pa mal itilize’l, ni gaspiye konesans ou, ni ap plede fe mounn we.
  8. Majik se konesans, se pratik, se bon sans.
  9. Majik se lanmou. Men Li ka pratike lan lot sans lan tou; men depi’w kite koze lanmou, pe, amoni ak tout sa ki bon, sa vle di se yon lot bagay wap fe e’w ap peye konsekans lan tou.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Jou jedi

MEDITASYON